Job 29:12-17

Haitian(i) 12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. 13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. 14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. 15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. 16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. 17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.