Job 17:11-16

Haitian(i) 11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò. 12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen. 13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. 14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'. 15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò? 16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?