Job 12:18-21

Haitian(i) 18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon. 19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè! 20 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale. 21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.