Jeremiah 36:23-25

Haitian(i) 23 Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolonn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la. 24 Men, ni wa a ni chèf li yo pa t' gen kè kase, ni yo pa t' fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la. 25 Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pa t' boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo.