Isaiah 64:1-3

Haitian(i) 1 Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble. 2 Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou! 3 Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.