Isaiah 3:18-26

Haitian(i) 18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo, 19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo, 20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo, 21 bag yo, zanno pou nen yo, 22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo, 23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo. 24 Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav. 25 Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay. 26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.