Isaiah 14:3-5

Haitian(i) 3 Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase. 4 Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non! 5 Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!