Hebrews 12:12-16

Haitian(i) 12 Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. 13 Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l' ka geri. 14 Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a. 15 Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. 16 Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje.