Genesis 35:22-26

Haitian(i) 22 Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason. 23 Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24 Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. 25 Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. 26 Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.