Genesis 2:10-14

Haitian(i) 10 Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. 11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. 12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. 13 Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. 14 Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.