Genesis 21:22-32

Haitian(i) 22 Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè. 23 Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a. 24 Abraram reponn. -M' fè sèman. 25 Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs. 26 Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a. 27 Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt. 28 Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote. 29 Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote. 30 Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a. 31 Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt. 32 Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.