Ezekiel 45:9-12

Haitian(i) 9 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa. 10 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou. 11 Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat. 12 Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina.