Ezekiel 3:1-3

Haitian(i) 1 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo. 2 Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la. 3 Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl.