Ezekiel 16:28-34

Haitian(i) 28 Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou. 29 W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou! 30 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale. 31 Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. 32 Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'. 33 Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou. 34 Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo!