Ezekiel 13:10-15

Haitian(i) 10 Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho. 11 Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle. 12 Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la. 13 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la. 14 M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a. 15 Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a,