Exodus 38:25-31

Haitian(i) 25 Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (10.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a. 26 Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an. 27 Nan dimil swasanndis (10.070) liv ajan yo, dimil (10.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. 28 Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo. 29 Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (7.090) liv kwiv antou. 30 Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la. 31 Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.