Exodus 35:5-19

Haitian(i) 5 Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv, 6 bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit, 7 po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya, 8 lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an, 9 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la. 10 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a: 11 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo, 12 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la, 13 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou, 14 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo, 15 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan, 16 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li, 17 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a, 18 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a, 19 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo.