Ephesians 6:5-7

Haitian(i) 5 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. 6 Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. 7 Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a.