Deuteronomy 31:11-13

Haitian(i) 11 lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo. 12 N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'. 13 Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.