Deuteronomy 11:28-32

Haitian(i) 28 Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen. 29 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal. 30 Mòn sa yo lòt bò larivyè Jouden, nan direksyon solèy kouche, nan peyi moun Kanaran yo ki rete nan plenn Araba a, anfas Gilga, toupre pye chenn More a. 31 Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l'. 32 N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.