Deuteronomy 10:1-5

Haitian(i) 1 Apre sa, Seyè a te di m': Taye de wòch plat tankou de premye yo. Fè yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan. 2 Mwen pral ekri sou wòch yo tou sa mwen te ekri sou wòch plat ou te kraze yo. Lèfini, w'a mete yo nan bwat la. 3 Se konsa, mwen fè yon bwat an bwa zakasya, mwen taye de wòch plat tankou de premye yo, epi mwen moute sou mòn lan ak wòch yo nan men m'. 4 Seyè a make sou wòch yo dis pawòl li te ekri premye fwa a, dis kòmandman Seyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa li ban mwen yo. 5 Mwen desann soti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Seyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a.