Amos 5:21-23

Haitian(i) 21 Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen. 22 Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi. 23 Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò.