Acts 9:6-9

Haitian(i) 6 Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. 7 Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn. 8 Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas. 9 Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.