Acts 27:13-20

Haitian(i) 13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la. 14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la. 15 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale. 16 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. 17 Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. 18 Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. 19 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. 20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.