Acts 12:21-23

Haitian(i) 21 Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo. 22 Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye. 23 Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.