2 Corinthians 12:17-18

Haitian(i) 17 Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou? 18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?