2 Chronicles 23:4-9

Haitian(i) 4 Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y'a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan. 5 Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a. 6 Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a. 7 Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y'a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y'a mache avè l' nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l'. 8 Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pa t' kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t'ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo. 9 Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a.