1 Samuel 8:6-8

Haitian(i) 6 Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a. 7 Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò. 8 Depi lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou.