1 Kings 6:20-35

Haitian(i) 20 Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò. 21 Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a. 22 Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò. 23 Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè. 24 Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye. 25 Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè. 26 Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè. 27 Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. 28 De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò. 29 Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a. 30 Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò. 31 Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la. 32 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 33 Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la. 34 Pòt la menm te fèt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt. 35 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.