1 Chronicles 23:7-11

Haitian(i) 7 Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi. 8 Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl. 9 Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo. 10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya. 11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.