Bible verses about "value" | Haitian

Psalms 15:1-5

1 Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? 2 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li, 3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj. 4 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè. 5 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

Proverbs 1:1-33

1 Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl. 2 Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo. 3 Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi. 4 Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann. 5 Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, 6 konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann. 7 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann. 8 Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! 9 Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou. 10 Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. 11 Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. 12 Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. 13 N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. 14 W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. 15 Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! 16 Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. 17 Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li? 18 Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri. 19 Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò. 20 Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik. 21 L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande. 22 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann? 23 Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen. 24 Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'. 25 Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou. 26 Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. 27 Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, 28 le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. 29 Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. 30 Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou. 31 Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. 32 Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. 33 Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.

Ephesians 2:8

8 Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

1 Peter 1:18-19

18 Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. 19 Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.

Mark 12:41-44

41 Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. 42 Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t' menm fè mwatye senk kòb. 43 Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. 44 Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te genyen, tout sa l' te gen pou l' viv.

Philippians 2:3

3 Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Psalms 139:14

14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Acts 20:35

35 Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.

1 Timothy 4:8

8 Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.

Matthew 10:31

31 Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.