Bible verses about "science" | Haitian

Genesis 1:1

1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.

Job 26:7

7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.

Proverbs 14:15

15 Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'.

Ecclesiastes 1:13-17

13 Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. 14 Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen. 15 Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen. 16 Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans. 17 Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 1:6-7

6 Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete. 7 Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.

Isaiah 40:22

22 Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.

Romans 1:20

20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

Hebrews 3:4

4 Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.

Psalms 104:5

5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.

Isaiah 40:12

12 Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?

Colossians 1:17

17 Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.

Job 38:4-30

4 Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! 5 Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? 6 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? 7 Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. 8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? 9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, 10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. 11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. 12 Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? 13 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? 14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. 15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. 16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? 17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? 18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! 19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, 20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? 21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! 22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? 23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? 24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? 25 Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, 26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, 27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? 28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? 29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? 30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?

Psalms 111:2

2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.