Bible verses about "moses" | Haitian

Exodus 5:22

22 Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'?

Exodus 2:3

3 Men, li pa t' kapab kache l' pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l' byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l'. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l' nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a.

Exodus 2:11-22

11 Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo. 12 Li voye je l' adwat, li voye je l' agoch, li pa wè pesonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la. 13 Nan denmen, li soti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: -Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa? 14 Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a! 15 Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi. 16 Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè. 17 Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè. 18 Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a? 19 Yo reponn li: -Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè. 20 Reouyèl mande pitit fi li yo: -Kote msye? Poukisa nou kite l' laba a? Al rele l' pou l' vin pran kichòy ak nou. 21 Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm. 22 Sefora fè yon ti gason. Lè sa a, Moyiz di: -Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa, li te rele pitit la Gèchon.

Numbers 27:22

22 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la.

Mark 9:2-8

2 Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo; 3 rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. 4 Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi. 5 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: -Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. N'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. 6 Li pa t' konnen sa pou l' te di tèlman yo te pè. 7 Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li. 8 Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agoch, men yo pa wè pesonn pase Jezi ki te pou kont li avèk yo.

Acts 7:22

22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fè, yo te wè msye te fò anpil.

Acts 26:22

22 Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.

Hebrews 11:24-26

24 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. 25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. 26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.

Numbers 11:10-15

10 Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn. 11 Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? 12 Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m' pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a? 13 Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje. 14 Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen. 15 Si se konsa w'ap aji avè m', tanpri, fè m' favè sa a: pito ou tou touye m' fin ak sa, pou m' pa wè m'ap pase tout malè sa a.

Hebrews 11:23-28

23 Se paske papa ak manman Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè yo te rive sere l' pandan twa mwa apre li te fin fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti pitit, yo pa t' pè dezobeyi lòd wa a te bay la. 24 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. 25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. 26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. 27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a. 28 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.

Exodus 3:10-22

10 Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a. 11 Moyiz di Bondye: -Ki moun mwen ye menm pou m' ta penmèt mwen ale bò kot farawon an pou m' fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? 12 Bondye di l': -M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la soti kite peyi Lejip, n'a sèvi m' sou mòn sa a. 13 Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo? 14 Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. 15 Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit. 16 Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase. 17 Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. 18 Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. 19 Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'. 20 Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale. 21 m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou. 22 Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.

Acts 3:22

22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.