Bible verses about "man" | Haitian

Genesis 2:7

7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

Psalms 8:6-8

6 Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè. 7 Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: 8 Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

Psalms 33:13-15

13 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. 14 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. 15 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.

Proverbs 20:27

27 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.

Isaiah 43:7

7 Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.

Hebrews 2:7

7 Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè.

Genesis 1:27

27 Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.

Job 4:17

17 Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la?

Genesis 1:26

26 Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.