Bible verses about "deborah" | Haitian

Judges 5:31

31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Judges 5:24-27

24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil. 25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen. 26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'. 27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.

Ezekiel 18:5-8

5 Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri. 6 Li pa moute nan mòn pou l' al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li. 7 Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. 8 Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye.

Judges 4:8

8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.

Judges 4:14

14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'.

Judges 4:6

6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou.

Joel 2:28

28 Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.

Judges 4:6-16

6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou. 7 M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou. 8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale. 9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak. 10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou. 11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la. 12 Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò. 13 Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon. 14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'. 15 Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou! 16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.

Judges 4:9

9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.

Judges 5:7

7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.

Judges 5:1-31

1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a: 2 -Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè! 3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la! 4 Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo. 5 Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! 6 Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen. 7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la. 8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi. 9 Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a! 10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen! 11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo. 12 Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini! 13 Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè. 14 Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon. 15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini. 16 Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini! 17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo. 18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a. 19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan! 20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera. 21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale! 22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo. 23 Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li. 24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil. 25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen. 26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'. 27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt. 28 Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini? 29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l': 30 -Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'. 31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Judges 4:10

10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.

Judges 4:4

4 Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.

Judges 4:1-24

1 Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a. 2 Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim. 3 Li te gen nèfsan (900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a. 4 Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la. 5 Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo. 6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou. 7 M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou. 8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale. 9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak. 10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou. 11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la. 12 Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò. 13 Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon. 14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'. 15 Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou! 16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape. 17 Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt. 18 Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra. 19 Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò. 20 Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn. 21 Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri. 22 Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li. 23 Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la. 24 Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l'.

Judges 4:4-10

4 Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la. 5 Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo. 6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou. 7 M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou. 8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale. 9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak. 10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.