Romans 1:1 Cross References - Haitian

1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.

Leviticus 20:24-26

24 Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa. 25 Se konsa, koulye a, piga nou mele zannimo nou gen dwa manje ak zannimo nou pa gen dwa manje, zwazo nou gen dwa manje ak zwazo nou pa gen dwa manje. Pa kite ankenn zannimo ni ankenn zwazo nou pa gen dwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen. 26 Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.

Numbers 16:9-10

9 Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo. 10 Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!

Deuteronomy 10:8

8 Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.

1 Chronicles 23:13

13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.

Isaiah 49:1

1 Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.

Jeremiah 1:5

5 -Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.

Mark 16:15-16

15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. 16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

Luke 2:10-11

10 Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. 11 Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a.

John 12:26

26 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

John 13:14-16

14 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. 15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. 16 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.

John 15:15

15 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.

John 15:20

20 Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.

Acts 9:15

15 Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.

Acts 13:2-4

2 Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. 3 Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale. 4 Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.

Acts 13:9

9 Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an,

Acts 20:24

24 Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.

Acts 21:40

40 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:

Acts 22:7

7 Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?

Acts 22:13-15

13 Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. 14 Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li. 15 Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.

Acts 22:21

21 Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo.

Acts 26:1

1 Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa:

Acts 26:14

14 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.

Acts 26:16-18

16 Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. 17 M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, 18 pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Acts 27:23

23 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',

Romans 1:5

5 Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.

Romans 1:9

9 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou;

Romans 1:16

16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.

Romans 11:13

13 Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a.

Romans 15:16

16 pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.

Romans 15:29

29 Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.

Romans 16:18

18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Romans 16:25

25 Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.

1 Corinthians 1:1

1 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi Jezikri apòt, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak Sostèn, frè nou,

1 Corinthians 9:1

1 Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?

1 Corinthians 9:16-18

16 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la! 17 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen. 18 Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.

1 Corinthians 15:8-10

8 Apre tout moun sa yo, li te fè m' wè l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm. 9 Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a. 10 Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.

2 Corinthians 1:1

1 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.

2 Corinthians 4:5

5 Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.

2 Corinthians 11:5

5 Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.

2 Corinthians 12:11

11 Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.

Galatians 1:1

1 Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa t' voye yon moun chwazi m', men se Jezikri menm ki te chwazi m' pou sèvi apòt, ansanm ak Bondye Papa a ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.

Galatians 1:10-17

10 Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi. 11 M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun. 12 Paske mwen menm, mwen pa t' resevwa l' nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m' li. Men, se Jezikri menm ki te fè m' konnen li. 13 Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li. 14 Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo. 15 Men, Bondye fè m' favè l', li mete m' apa depi nan vant manman m', li rele m' pou m' te ka sèvi li. 16 Konsa, lè se te lide l' pou l' te fè m' konnen Pitit li a, pou m' te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t' al mande pesonn konsèy. 17 Mwen pa t' moute Jerizalèm non plis pou m' al wè moun ki te apòt anvan m' yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m' lavil Damas.

Ephesians 1:1

1 Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki nan lavil Efèz la, k'ap kenbe fèm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri.

Ephesians 1:13

13 Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la.

Ephesians 3:5-7

5 Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt. 6 Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. 7 Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen.

Ephesians 4:11

11 Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.

Philippians 1:1

1 Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.

Philippians 2:11

11 Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.

Philippians 3:6-7

6 Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale. 7 Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.

Colossians 1:1

1 Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa a

Colossians 1:25

25 Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,

1 Thessalonians 2:2

2 Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.

2 Thessalonians 2:13-14

13 Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a. 14 Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.

1 Timothy 1:1

1 Mwen menm, Pòl, yon apòt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou,

1 Timothy 1:11-12

11 Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a. 12 M'ap di Jezikri, Seyè nou an, mèsi dèske li ban m' fòs kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di l' mèsi dèske li te konsidere m' anpil pou l' te fè m' tout konfyans sa a, pou l' te chwazi m' pou sèvis li,

1 Timothy 1:15-16

15 Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout. 16 Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

1 Timothy 2:7

7 Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.

2 Timothy 1:11

11 Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.

Titus 1:1

1 Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m' pou m' ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m' fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,

Hebrews 5:4

4 Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.

Hebrews 7:26

26 Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.

James 1:1

1 Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

2 Peter 1:1

1 Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.

Jude 1:1

1 Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.

Revelation 1:1

1 Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l' te fè sèvitè l' yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kot Jan, sèvitè l' la, pou fè l' konnen tout bagay sa yo.

Revelation 22:6

6 Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l' yo sa ki pral rive anvan lontan.

Revelation 22:9

9 Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.