Numbers 3:17 Cross References - Haitian

17 Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gèchon, Keyat ak Merari.

Genesis 46:11

11 Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.

Exodus 6:16-19

16 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an). 17 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi. 18 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an). 19 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo.

Numbers 15:5-23

5 Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri. 6 Lè se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden, 7 ansanm ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y'a fè Seyè a plezi ak bon sant yo. 8 Lè se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Seyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi, 9 se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv. 10 Lèfini, n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Seyè a plezi ak bon sant li. 11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri. 12 Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a. 13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l' lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. 14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou. 15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a. 16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. 17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an, 19 lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado. 20 Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi. 21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan. 22 Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo, 23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:

Numbers 23:6-23

6 Se konsa, Balaram tounen bò kote Balak. Li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak lòt chèf moun Moab yo. 7 Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo. 8 Men ki jan ou ta vle pou m' madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m' kraponnen moun Bondye pa kraponnen? 9 Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo! 10 Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze. 11 Balak di Balaram: -Kisa w'ap fè m' konsa? Mwen mennen ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon, epi se beni mwen wè w'ap beni yo! 12 Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di. 13 Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen. 14 Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye. 15 Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan. 16 Seyè a vin jwenn Balaram, li pale ak Balaram byen pale ankò, epi li di l': -Tounen al jwenn Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la. 17 Se konsa Balaram tounen bò kote Balak, li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo. Epi Balak mande l': -Kisa Seyè a di konsa? 18 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò! 19 Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre! 20 Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò. 21 Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo. 22 Paske, lè Bondye t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la, li te ba yo fòs pou yo te goumen tankou towo mawon. 23 Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!

Numbers 24:1-25

1 Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a. 2 Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li. 3 Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 4 pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 5 Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo! 6 Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo. 7 Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon. 8 Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo. 9 Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la! 10 Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa. 11 Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout. 12 Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo: 13 Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di. 14 Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo. 15 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 16 moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo. 18 Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. 19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la. 20 Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt. 21 Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz. 22 Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo. 23 Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa? 24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou. 25 Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Numbers 26:57-58

57 Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a. 58 Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.

Joshua 21:1-45

1 Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la. 2 Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje. 3 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la. 4 Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye. 5 Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa. 6 Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa. 7 Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa. 8 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 9 Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo. 10 Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo. 11 Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo. 12 Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'. 13 Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo, 14 lavil Jati, lavil Echtemoa, 15 lavil Olòn, lavil Debi, 16 lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo. 17 Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo, 18 lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil. 19 Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo. 20 Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo. 21 Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè, 22 lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo. 23 Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton, 24 lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. 25 Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo. 26 Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo. 27 Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo. 28 Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera, 29 lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo. 30 Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon, 31 lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo. 32 Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo. 33 Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo. 34 Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata, 35 lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo. 36 Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa, 37 lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo. 38 Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim, 39 lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo. 40 Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa. 41 Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo. 42 Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo. 43 Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'. 44 Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo. 45 Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.

1 Chronicles 6:1-2

1 Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari. 2 Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.

1 Chronicles 6:16-19

16 Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari. 17 Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi. 18 Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 19 Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo.

Nehemiah 11:1-12

1 Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo. 2 Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm. 3 Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a. 4 Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalèm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyèl, Maleyèl te pitit Perès. 5 Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kòloze, Kòloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela. 6 Antou te gen katsanswasanntwit (468) vanyan gason, moun fanmi Perès, ki te tabli lavil Jerizalèm. 7 Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja. 8 Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nèfsanvenntwit (928) moun Benjamen ki t'ap viv lavil Jerizalèm. 9 Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm. 10 Men prèt ki t'ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken. 11 Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sèvi granprèt nan tanp Bondye a. 12 Antou te gen wisanvennde (822) moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.