Job 5:24 Cross References - Haitian

24 Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.

Deuteronomy 28:6

6 Seyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.

1 Samuel 30:3

3 Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout.

Job 8:6

6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.

Job 18:6

6 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.

Job 18:15

15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.

Job 18:21

21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.

Job 21:7-9

7 Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen? 8 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo. 9 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.

Psalms 25:13

13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

Psalms 91:10

10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.

Psalms 107:4

4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.

Psalms 107:40

40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,

Psalms 121:7-8

7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. 8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Isaiah 4:5-6

5 Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la. 6 Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.