Job 1:1 Cross References - Haitian

1 Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.

Genesis 6:9

9 Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.

Genesis 10:23

23 Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.

Genesis 17:1

1 Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.

Genesis 22:12

12 Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.

Genesis 22:20-21

20 Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la. 21 Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,

Genesis 36:28

28 Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran.

Exodus 18:21

21 Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.

2 Kings 20:3

3 Li di: --Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.

1 Chronicles 1:17

17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.

1 Chronicles 1:42

42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.

2 Chronicles 31:20-21

20 Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a. 21 Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li.

Job 1:8

8 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.

Job 2:3

3 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.

Job 23:11-12

11 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch. 12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.

Job 28:28

28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Job 31:1-40

1 Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. 2 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou? 3 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste. 4 Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'? 5 Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun? 6 Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat. 7 Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal, 8 se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'. 9 Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye, 10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'. 11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'. 12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen. 13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a, 14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li? 15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout. 16 Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite. 17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen. 18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo. 19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra, 20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe. 21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal, 22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase. 23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'. 24 Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'. 25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen. 26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la. 27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt. 28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a. 29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo. 30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo. 31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen. 32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo. 33 Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt. 34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen. 35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen, 36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn. 37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'. 38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont, 39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen, 40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Proverbs 8:13

13 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.

Proverbs 16:6

6 Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.

Jeremiah 25:20

20 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,

Lamentations 4:21

21 Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

Ezekiel 14:14

14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Ezekiel 14:20

20 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.

Luke 1:6

6 Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.

James 5:11

11 Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.

1 Peter 3:11

11 Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.