Exodus 30:16 Cross References - Haitian

16 W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo.

Exodus 12:14

14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

Exodus 38:25-31

25 Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (10.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a. 26 Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an. 27 Nan dimil swasanndis (10.070) liv ajan yo, dimil (10.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. 28 Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo. 29 Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (7.090) liv kwiv antou. 30 Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la. 31 Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.

Numbers 16:40

40 pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.

Nehemiah 10:32-33

32 Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan. 33 N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.

Luke 22:19

19 Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.