Acts 11:4 Cross References - Haitian

4 Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo:

Joshua 22:21-31

21 Lè sa a, moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo: 22 -Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm. 23 Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Seyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Seyè a mande nou kont pou sa nou fè a. 24 Pou di vre, nou te fè l' paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a. 25 Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a. 26 Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye ankenn bèt sou li. 27 Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a. 28 Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase! 29 Nou pa janm fè lide leve kont Seyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Seyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l' rete a. 30 Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil. 31 Lè sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk nou vre, paske nou pa t' chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Seyè a.

Proverbs 15:1

1 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.

Luke 1:3

3 Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwè se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen.

Acts 14:27

27 Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.