Song of Songs 5:9-16

Haitian(i) 9 Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou? 10 Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (10.000) gason. 11 Figi l' gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou. 12 De je l' yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de kivèt lèt. 13 De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant. 14 Men l' yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi. 15 Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo. 16 Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!