Psalms 89:29-37

Haitian(i) 29 M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a. 30 M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan. 31 Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, 32 si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè, 33 m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal. 34 Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la. 35 Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl. 36 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti. 37 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.