Psalms 78:60-64

Haitian(i) 60 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. 61 Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale. 62 Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. 63 Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo. 64 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo.