Psalms 64:2-6

Haitian(i) 2 Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo. 3 Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo. 4 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon. 5 Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen. 6 Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?