Psalms 61

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. 2 Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! 3 Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. 4 Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo. 5 Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou. 6 Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan. 7 Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò. 8 Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.