Psalms 50:16-20

Haitian(i) 16 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? 17 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo. 18 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo. 19 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay. 20 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.