Psalms 48

Haitian(i) 1 Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. 2 Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 3 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 4 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 5 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 6 Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 7 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 8 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 9 Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 10 Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 11 Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 12 Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 13 Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 14 Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.