Psalms 30:5-11

Haitian(i) 5 Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi. 6 Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan. 7 Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'. 8 Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase. 9 Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou. 10 Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? 11 Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!