Psalms 122:1-4

Haitian(i) 1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a. 2 Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm. 3 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje. 4 Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.